Ochan pou yon chanjman! Ayiti, se kote BOURIK TRAVAY CHWAL GALONNEN Ayiti, peyi- m nan, se kote lanmou ak trayizon makonnen tèt yo ansanm. Ayiti, peyi-m nan, se kote bourik travay chwal galonnen. Ayiti, peyi-m nan, se kote byen ak mal fè yon sèl, tankou nan yon panyen tè ak disèl. Ayiti, peyi-m nan, se kote mefyans ak konfians ap jwe kach kach liben sere liben nan yon sèl grenn anbyans... Se pa pale! Ensekirite ak lajistis menm, hmm... men nan men sou plaj, ap boloze. Ti papa, ala koze! ************** A LA MIZÈ POU AYITI Nan mòn yo, tout pye bwa fin rache, zwazo menm, bouke vole; yo pa gen yon ti branch bwa pou yo poze. Malere menm, ki pa genyen yon goud pou ale nan mache ap di chak jou bondje bon, nan lespwa yon jou miyò ki pa janm vle rive- adje! Ayiti, peyi- m nan, se kote malere ak dlo nan je, ak pitit sou bra ap mache san manje; kote y-ap kwaze ak grannèg chak jou nan chimen lavi san yonn pa janm gade lòt nan je, san yonn ak lòt pa janm vin tounen zanmi,... Men, hmm! kote « bonjou makomè ak bonjou monkonpè » toujou alonè. Ayiti, peyi- m, se kote pousyè pa janm mande pèmisyon pou di lasosyete men mwen. Debwazman fè tout mòn yo tounen move lawon tèlman toutouni y-ap bay egzibisyon. Rout kraze, blakawout, pa fè grannèg anyen. Zafè sante-a menm, hmm! Sa-a, se pwoblèm malere. Pou gran chabrak menm, pwoblèm sante-a, se yon bagay ki kab rezoud lòt kote. Lè sa pa bon, gwo dada al Florida.
Ti dada menm, rete la ap tann sa syèl-la ap pote. Peyi-m, se kote malere ap reve chak jou, pou yon lavi miyò kote se Guinen yo sèl ki konnen ki lè jou sa-a ap rive! Menm yo menm di, adje! Peyi-m, hmm! se kote zafè mete la pè nan tèt yon bann moun ki pa genyen la pè nan vant pa nesesè. Mizèrere y-ap sibi-a, la twò lontan pou yo pa ta tounen zonbi deja. AYITI, YON KÈ KI BRIZE Peyi m nan, se kote blan tout lòt kote vin tounen chè mèt, chè metrès ap jwi bèl solèy, manje kabrit ak kochon malere gratis, fè kadejak sou ti moun, ak pran plezi ak bèl nègès, sou non, « bay gouvènman laproteksyon » kòm sèl kondisyon, jan sa te siyen nan Nasyonzini devan yon bann moun san lespri, ak san vizyon pou demen. Peyi-m se kote Jan Sòt ap pran pòz Jan Lespri Pou- l twonpe pwòp zantray li. Yo tounen gwo politisyen. Y-ap brase lide depi devanjou jouskaske yo sou, y- ap pale pawòl tafya Y-ap di viv lendepandans! Viv Ayiti Toma! Sitou lè lajan lòtbòdlo fin ateri nan boudapòch yo.
Kote ti Ayiti-m nan, ti Wayom Solèy-la ? Ayiti, peyi m, se kote nèg pat janm nan tete lang ak blan ki te soti pou vin pran libète yo. Fanm menm, pat janm nan rans. y-ap di toutant: « ou pap sis!» devan vye nèg ak blan mannan ki te konn ap fè jako pye vèt pou yo ak sa ki pat kab fè yo lonè. Sete, Viv ladiferans! Bèl fanm ayisyèn sila-a yo te genyen valè nan je anpil atis.
Ayiti,Yon Lespwa ki toujou la Men fout ! Peyi-m nan, se kote Nan Ginen toujou ap veye. si se pa jodi, se demen! Lespri zansèt yo vin di-n fòk nou pa bliye: Ayiti, se yon peyi Wa ak Renn, se pa pou repibliken! Nou pap pran ankò nan koukourouj. Drapo zansèt nou se nwa ak wouj; li fè tout Ayisyen vin pitit yon sèl manman: manman Lafrik ginen-an Ble ak wouj la, se te pou n te sove yon sitiyasyon. Pou-n te fè blan franse sispann griyen dan yo sou nou. Zafè zòt si-l vle toujou rete ak blan mannan. Ayiti, se yon peyi ki pat rete ak pèsonn. Yon wayom solèy ki te klere toupatou; yon wayom ki te pral fè tout nèg tout kote leve tèt yo byen wo diran nèf lane. Wayom pa janm nan tete lang ak pyès lòt nasyon, lè l-ap defanm enterè pèp li ak teritwa-l. Wayom se senbòl libète, pwosperite, ak estabilite... Se yon nesesite jodia pou Ayiti ki toujou ap viv nan malsite. Se sèl limenm ki kab chanje lavi- n tout bon vre ak ban nou ankò tout fyète 1804-la. Se sak fè, se li nou vle. Si depi ayè, pase 200 lane, sistèm Repiblik la ap renmèt monnen, se pa jodi-a li pral chanje yon bagay toutbon pou Ayisyen. Chak ti limyè lespwa Pèp-la wè nan yon kandida se bak li fè pou yon lòt san tan nan fènwa. Abraham di, sètase! Li lè, li tan pou sa chanje! Wayom solèy-la gen-y pou-l tounen ankò. Lap vin mete lòd nan dezòd. Lè sa-a, fout! se pa-p pawòl tafya! Ayiti, peyi-m nan, Hmm! ap renye ankò tankou anvan lakoloni, tankou apre lendepandans, tankou nan tan Kawonabo ak renn Anakaona. Ayiti-m nan, hmm! ap vin pi bèl ankò, pi plis pase lè- l te sou rèy
Jean-Jacques Dessalines ak Henry Christophe-la. Nouvèl Ayiti-m nan, hmm! Monako, pap kab fè-l pè, Menm si jodi-a anpil sitwayen-l ap mete pèpè. Ayiti-m nan, pa pou vann... Ayiti se yon peyi Wa ak Renn, se pa pou repibliken. VIV WAYOM SOLÈY-LA ! ABA REPIBLIKEN ! Ayisyen pòv, se vre! Men li pat janm sòt; li te toujou konn sa li vle. Zòt ki pran pòz « Jan Lespri » ak kandida do kale yo k-ap fè-l soufri. Yon bagay li pap janm bliye. Se sak fè l-ap di jodi-a, li bouke! L-ap rele ak tout fòs li: anmwe! Kote solèy la, Kote wayom solèy nou an... ? Aba Repibliken! Si nou vle yon chanjman tout bon vre Ann di ansanm: Aba Repibliken (2). MEN NAN MEN, ANN TRAVAY POU CHANJMAN Si tout atis te kab fè yon sèl dèyè ti chanson sa-a, Ayiti nou-an t-ap genyen ankò yon ti chans pou l vin pran plas li nan mitan tout gran wayom ki egziste nan lemonn jodi a. Bourik pakab travay pou chwal menm ap galonnen... Abraham di, sètase! Li lè, li tan pou sa chanje! Opa kamarad! Opa! Ann pran destine n nan men-n! Konn ya! pa nan yon mwa; pa nan yon senmenn, osinon yon jou anplis anvan pita vin pi tris. Revolisyon, hmm! se sa nèt! se sa Ayiti bezwen pou l kab sove lonè-l nan sa liye jodi-a. Se zafè tout nèg vanyan ak nègès konsekan - yo menm ki genyen vrè lanmou nan kè yo pou peyi -a; ki vle Ayiti vin bèl ankò; pou Ayiti anakaona-a vin yon kote tout moun kab viv ansanm avèk mwayen nan men yo ankò, san pa genyen diskriminasyon koulè osinon klas kab kraze yo; san-n pa bliye : Ayiti se peyi Wa ak Renn, se pa pou Repibliken! Ann pran destine-n nan men-n! 1-2; 1-2; 1-2; 1-2; 1-2; 1-2.....Opa, opa! opa Kamarad opa!...
Jacques Antoine Dorcely, July 2009- All rights reserved.